VisualEditor/Newsletter/2021/June/ht

This page is a translated version of the page VisualEditor/Newsletter/2021/June and the translation is 93% complete.

Editing news 2021 #2

Li sa a nan yon lòt langEnskri nan bilten miltileng sa a

 
Lè moun ki fèk vini yo te gen zouti repons lan epi yo te eseye afiche sou yon paj diskisyon, yo te gen plis siksè nan afiche yon kòmantè ([1]).

Nan kòmansman ane sa a, ekip koreksyon an te fè yon gwo etid sou Zouti Repons lan. Objektif prensipal la te chèche konnen si Zouti Repons lan te ede nouvo editè kominike sou wiki. Dezyèm objektif la se te wè si wi ou non kòmantè sa yo ke nouvo editè yo te fè avèk zouti a te bezwen anile pi souvan pase kòmantè nouvo editè yo te fè ak editè paj wikitext la ki deja egziste.

Rezilta kle yo te

  • editè ki fenk vini yo plus te gen aksè otomatik (« activé par défaut ») a zouti Repons lan la te rapò plis chans afiche yon kòmantè sou yon paj diskisyon.
  • Kòmantè sa yo ke nouvo editè te te fè ak Zouti Repons lan te tou gen mwens chans pou anile pase kòmantè sa ke nouvo fè ak paj koreksyon an.

Rezilta sa yo bay Ekip Koreksyon an konfyans ke zouti a itil.

Gade pi devan

Ekip la ap planifye pou fè zouti Repons lan disponib pou tout moun kòm yon preferans dezenskripsyon nan mwa kap vini yo. Sa deja rive nan Wikipedya Arab, Tchekoslovaki, ak Ongwa.

Pwochen etap la se nan rezoud yon defi teknik. Lè sa a, yo pral deplwaye zouti Repons lan an premye nan Wikipedya ki te patisipe nan etid la. Apre sa, yo pral deplwaye li, pa etap, nan lòt Wikipedya yo ak tout wiki Fondasyon Wikimedya jere.

Ou ka vire sou « Discussion tools » nan nan karakteristik Beta kounye a. Apre ou fin jwenn zouti Repons lan, ou ka chanje preferans ou a nenpòt ki lè nan Special:Preferences#mw-prefsection-editing-discussion.

Whatamidoing (WMF) (Diskite)