Eleksyon Fondasyon Wikimedia/2022/Anons/Eleksyon Konsèy Administrasyon an 2022 Peryòd Vòt Kominotè a louvri kounye a
Peryòd Vòt Kominotè pou eleksyon Konsèy Administrasyon 2022 a louvri kounye a
Bonjou,
Peryòd Vòt Kominote a pou eleksyon Konsèy Administrasyon 2022 a louvri kounye a. Men kèk lyen itil pou jwenn enfòmasyon ou bezwen pou vote:
- Eseye Konpa Eleksyon an, ki montre kouman kandida yo kanpe sou 15 sijè diferan.
- Li deklarasyon kandida yo ak repons kesyon afilye yo
- Aprann plis sou konpetans Konsèy la ap chèche a ak fason Komite analiz la te jwenn kandida yo ki anfòm ak konpetans sa yo
Si w pare pou w vote, ou ka ale nan paj vòt SecurePoll pou w vote kounye a. Ou gendwa vote soti 23 out a 00:00 UTC rive 6 septanm a 23:59 UTC. Pou wè si w kalifye pou w vote, tanpri vizite paj kalifikasyon elektè.
Mèsi,
Ekip Estrateji ak Gouvènans Mouvman an
Mesaj sa a te voye nan non Gwoup Travay pou Seleksyon Manm Konsèy Administrasyon an ak Komite Eleksyon an.