Anons Konsèy Administrasyon Fondasyon Wikipedya a/2021-04-15 Rezolisyon ki konsène eleksyon pou Konsèy Administrasyon nan jou k ap vini yo.

Konsèy Administrasyon Fondasyon Wikipedya a sot reyini semèn pase a pou l deside sou yon plan pou eleksyon konsèy Administrasyon 2021 yo. Komite konsèy gouvènans lan kreye pwopozisyon sa yo, ki chita sou Mande pou kòmantè fèt sou plas Konsèy Kominotè yo. W ap jwenn pi ba a yon rezime rezolisyon an, ke tout moun alawonnbadè te dakò sou li.Tout pwopozisyon an disponib sou Wiki Fondasyon an.

  • Konsèy la konte lanse fason seleksyon an ap fèt lè l posib. Pwojè kalandriye a konte louvri moman pou moun vin poze kandida 8 jwen epi peryòd vot yo soti 20 jiyè pou rive 3 out.
  • Komite Eleksyon yo ap deside sou ki metòd k ap itlize pou moun vote. Komite a, pandan l ap konsilte moun ki nan Fondasyon Wikimedya yo, kapab mande yon delè jiska twa mwa pou mete an plas fason pou moun vote.
  • Kat plas gen pou okipe, twa ap renouvle epi yon katriyèm ap soti nan elajisman Konsèy Administrasyon an mete dakò. Lòt de nouvo plas yo pou kominote a ak afilye yo ap gen pou chwazi nan lane 2022, konsa de plas afilye yo ap dwe (Kat antou).
  • Konsèy Administrasyon an ap di ki konpetans ak eksperyans li swete mande pou administratè ki chwazi yo. Kandida yo ap ap gen pou ranpli fòmilè evalyasyon, Men sèl ak tit endikatif.
  • Fondasyon Wikimedya a ap bay Komite Eleksyon yo yon sipò pou komikasyon. Nou vle soutni kandida yo epi fè pwomosyon pou eleksyon yo, espesyalm an nan ti gwoup ki reprezante yo.

Konsèy la pa mete lot chajnman nan fason kominote yo ap chwazi. Nou espere ke desizyon ki pran anlè yo pèmèt rezoud pwoblè divèsite a pami kandida Kominote chwazi. Si pwoblèm pèsiste, Konsèy la rezève dwa pou li fè eksperyans ak youn nan de nouvo plas yo ane k ap vini.

Konsèy Administrasyon an swete di mèsi ak plis ke 800 volontè ki patisipen an demand pou kòmantè yo yon fason oswa yon lòt. Te genyen plis ke san konvèsasyon nan plizyè lang ak rejyon diferan. Anpil lòt diskisyon te fèt sou Meta, Sou Telegram ak lòt kanal Kominote lokal yo itilize. Volontè yo te prezante twa nouvo ide pandan apèl la. Li te difisil pou pran desizyon sou chak kesyon ki poze akoz kantite a ak opinyon diferan nou te resevwa. Nou swete tout moun ki rive konprann rezolisyon sa a.

Nan jou k ap vini yo, ekip k ap okipe l pou fasilite eleksyon Konsèy Administrasyon yo ap pataje ide sa yo pou soutni kandida ak elektè yo.Komisyon Zafè Kominotè Konsèy Administrasyon an ap mete kanpe nan kòk semèn inèdtan biwo pandan tan sa l ap resevwa kesyon ak kòmantè sou rezolisyon an. Ann travay ansanm pou eleksyon yo ki plis moun ki vote ak plis divèsite!